vendredi 16 mai 2008

Entwodiksyon









Sekreterarya Pèmanan Kongrè Nasyonal Peyizan Ayisyen (SEKONAPA) fonde 2 Me 2008.




Nan okazyon reyinyon Komite Kongrè a pou evalye tout sa k te pase nan Kongrè a, ki te fèt nan Fondwa soti 23 pou rive 27 Avril 2008.

Youn nan desizyon patisipan yo te pran nan finisman Kongrè a, se te mande Komite a pou li òganize swivi Kongrè a joustan Peyizan yo jwenn tout sèvis leta yo nan Seksyon Kominal yo.

Yon dezyèm desizyon ki te pran nan reyinyon 2 Me a, se òganize yon Biwo pou asire jesyon swivi Kongrè a ak angaje yon Asistan Egzekitif pou travay an pèmanans nan Biwo Santral Sekretarya Pèmanan Kongrè Nasyonal Peyizan Ayisyen (SEKONAPA).

Nou te rive fè sa a, 7 Me 2008 kote nou jwenn yon jenn enfòmatisyen ki gen eksperyans e ki abitye travay nan kesyon tradiksyon nan plizyè lang, ki aksepte vin travay avèk nou nan Biwo a.

Depi lè sa nou kòmanse reyalize anpil bagay, tankou: Kontakte Gwo Oganizasyon Peyizan ki pa t la yo ak kèk lòt gwo pèsonalite ki enterese nan travay liberasyon Peyizan yo.
Answit nou kontakte tout delege depatmantal yo pou jwenn yon ti rapò sou sa yo te fè e prepare ansanm avèk yo yon rankont pou 15 Jen 2008.Komite a te fè yon dezyèm reyinyon 11 Me 2008, epi li pwograme yon lòt reyinyon avan 15 Jen an.

Kounye a n ap konsantre nou plis sou kontakte Palmantè yo, Premye Minis dezinye a ak kèk lòt Oganizasyon pou apiye Deklarasyon Patisipan yo te fè nan Kongrè a.

Jodi a 15 Me, nou prepare yon Petisyon sou entènèt pou n voye bay plizyè pèsonalite nan Sosyete Sivil la pou yo siyen e pou yo fè lòt moun siyen li pou nou tou, tankou: Kazèk, Azèk, Majistra, Palmantè yo ak Responsab Oganizasyon Peyizan yo.Oumenm ki ta renmen pou yo trete tout Ayisyen tankou Ayisyen e pou tout Ayisyen rive jwenn tout sèvis Leta yo, lakay yo, kote y ap viv nan Seksyon Kominal yo, nou envite w jodi a, pou mete vwa pa w, ansanm ak vwa pa n, pou n ekzije Otorite Leta yo kreye yon Ministè pou Zafè Peyizan ki gen Biwo l nan chak Seksyon Kominal yo. Pou ou kab ranpli devwa sitwayen w, e pou kab jwe wòl istorik sa a, nou mande w:
1) Pou siyen ansanm avè n Deklarasyon Kongrè Nasyonal Peyizan yo ki te fèt nan Fondwa 27 Avril 2008
2) Pou fè tout Palmantè Ayisyen yo siyen Deklarasyon sa a, ansanm ak tout Òganizasyon Peyizan yo, tout Majistra yo, tout Kazèk ak Azèk, tout sitwayen konsekan ak tout enstitisyon k ap travay pou yon nouvo Ayiti ak tout Ayisyen e pou tout Ayisyen. Nou di w mèsi davans pou jès solidarite sa a, e nou salye w ak anpil respè.

Pou Biwo SEKONAPA








Pè Joseph Philippe, CSSP
Kòdonatè APF
sekonapa@yahoo.com




http://www.apfhaiti.org/
28, Impasse Chatelain (Sur Lalue)
Téléphone fixe : 509 2245 4230
Téléphone portable : 509 3717 1798
E-mail : sekonapa@yahoo.com
Site web : http://www.apfhaiti.org/

Deklarasyon





































DEKLARASYON KONGRE NASYONAL PEYIZAN YO






Nou menm ki siyen dokiman sa a, nou rekonèt pwojè òganizasyon pwodiksyon nasyonal la kab reyalize sèlman avèk kreyasyon yon Ministè Pou Zafè Peyizan nan peyi nou an. Nan sans sa a, nou deside e nou deklare :



1. pou prezidan an ansanm ak premye minis la, ansanm ak palmantè yo, (Chamn sena ak Chanm Depite) pou yo kreye prese prese, san pèdi tan yon Ministè Pou Zafè Peyizan. Ministè sa a dwe gen Biwo l nan chak seksyon kominal yo. Konsa pou yo ede peyizan yo jwenn tout sèvis leta yo lakay yo kote y ap viv la.



2. Biwo Ministè zafè peyizan yo ap fòme nan chak seksyon kominal ak reprezantan Kazèk yo, reprezantan òganizasyon peyizan ki nan zòn nan ak teknisyen espesyalize k ap travay an pèmanans ak peyizan yo nan seksyon kominal la.



3. Biwo sa a ap gen reskonsablite pou l aplike tout politik ministè zafè peyizan yo nan seksyon kominal la, jere tout finansman k ap soti nan ministè a pou finanse aktivite peyizan yo nan zòn nan.



4. Biwo sa a responsab tou pou ede peyizan yo ak òganizasyon peyizan yo jwenn tout papye legal yo bezwen pou yo kapab mennen aktivite yo tankou ( pyès idantite, batistè, franchiz dwanyè pou òganizasyon yo, ekzonerasyon taks, rekonesans legal ak tout lòt dokiman legal òganizasyon peyizan yo kapab bezwen pou yo fonksyone nan peyi nou an )



5. Biwo sa a responsab tou pou ede divès òganizasyon ki genyen nan seksyon kominal la travay men nan men tankou yon platform pou seksyon kominal la.



6. Atravè biwo ministè a fòme nan chak seksyon kominal yo, men kèk sèvis li dwe ede peyizan yo jwenn :



a) Dlo pou bwè ak pou wouze tè: fè dlo nan mòn rete nan mòn pou ogmante pwodiksyon manje nan peyi a.



b) Yon Latrin nan lakou chak fanmi peyizan



c) Yon bon wout betonnen nan chak Seksyon Kominal



d) Yon Sant Sante ak yon Famasi nan chak Seksyon Kominal



e) Yon Lekòl Fondamantal ak yon Lise Teknik



f) Yon Sant Kiltirèl ak Sèvis entènèt



g) Yon Sant Espotif



h) Yon Ekip Teknisyen Espesyalize k ap travay an pèmanans nan Chak Seksyon Kominal



i) Yon Bank Zouti Agrikòl ak yon Enstitisyon Kredi pou kore Ti Antrepriz yo ak aktivite agrikòl yo



j) Yon Sou Komisarya PNH ak 5 Polisye pou pi piti



k) Yon Biwo Eta Sivil nan Chak Seksyon Kominal



l) Yon Tribinal Pou Lapè nan chak Seksyon Kominal



m) Entegrasyon Pwojè Òganizasyon Peyizan yo nan Bidjè Nasyonal peyi a



n) Mete chak ane karant milyon goud nan bidjè nasyonal la pou chak seksyon kominal pandan 5 pwochèn ane yo kòmanse nan ane fiskal 2008 - 2009.



o) Kreye posiblite pou mete limyè nan chak Seksyon Kominal ( enèji van, enèji solèy, biyogas elatriye)



p) Kreye travay an pèmanans pou plizyè moun nan Seksyon Kominal yo, nan fè rebwazman, konsèvasyon sòl, pwoteksyon Basen Vèsan ak pwoteksyon anviwonman elatriye.




Moun ak òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a :